  | 
        PETISYON 
          Anfave RESTITISYON 
           
          14 me, 2004  
		  Not pou lapres  
		  Gaye prese prese! 
           
          Souple, siyen petisyon sa a ki mande pou leta peyi Lafrans remet lajan 
          li te pran nan men Ayiti ak fos zam, apati ane 1825 lan :  
           
          http://www.ipetitions.com/campaigns/Restitisyonpouayiti/ 
           
           
          Haitian Lawyers Leadership, yon rezo militan k ap travay pou pwoteje 
          dwa sitwayen ak dwa kiltirel Ayisyen, deklare se dwa lejitim pep Ayisyen 
          an pou li egzije peyi Lafrans remet li ekivalan 22 milya dola vet yo 
          te volo nan men li ak fos zenglendo, apre endepandans peyi a. HLL fe 
          konnen tou, mouche Gerard Latortue pa gen pyes otorite legal, alevwa 
          moral, pou li ta fe kwa bare demann restitisyon sa a.  
           
          Li pa gen otorite pou sa!  
Li kle, onivo legal, deklarasyon mouche Gerard Latortue an pa kanpe sou 
anyen. Ata yon veritab premyeminis, alevwa pou yon defakto tankou Latourtue, pa ta 
p janm gen otorite legal pou li defet aksyon yon Chefdeta. 
  
          Laviwonndede:  
          Pandan, yon kote nou remake Gerard Latortue ki al paweze nan peyi Lafrans 
          epi yon lot bo, nou konnen gen yon Minis Afe Etranje peyi Lafrans ki 
          ap ranje kol pou li vin poze pye li sou te Dessalines nan jou samdi 
          15 me 2004 lan ‚ yon zak ki ta va rive pou premye fwa depi 200 zan, 
          le neg ak neges d Ayiti te kase chenn lesklavaj rasyal sou kontinan 
          Amerik lan; HLL repete anko, se dwa l ejitim pep Ayisyen an pou li egzije 
          peyi Lafrans remet li 22 milya dola vet blan Franse te volo nan men 
          li ak fos zenglendo, apre endepandans peyi a. HLL pran dispozisyon pou 
          li gaye deklarasyon saa toupatou:  
           
          AYITI PAP KITE VoLo PRAN WOULIB NAN KARAPAS!  
           
Se, 7 avril 2003, yon jou memorab ki make bisantne lanmo Toussaint 
Louverture, Prezidan Jean Bertrand Aristide te fe deklarasyon ofisyel pou tanmen kanpay 
Restisyon-Reparasyon an. Deklarasyon sa a te fet devan lanasyon, kidonk nan 
prezans desandan zanset nou yo, epi douvan pot Mize Zanset yo nan MUPANAH (Musee 
du Pantheon 
National HaÔtien) kote lespri imotel ras Afriken an ap dodomeya nan yon 
anbyans respe ak diyite. Sila ki la yo te fe yon sel ak sila ki pa la anko yo pou 
yo pwojte limye lanvi ki makonnen egzistans yo youn ak lot. 
  
          "RESTITISYON - REPARASYON" ‚ De mo ekstraodine ki gen pouvwa panse maleng 
          kolonizasyon ak lesklavaj. Tout pitit sila yo ki te viv mati tan lakoloni, 
          men ki pa tounen zonbi san memwa, tout pitit kolon ki kite lespri liberasyon 
          danse nan tet yo, yo tout te bat bravo lakontantman pou rel lajistis 
          sila a: RESTITISYON ‚ REPARASYON! Kit se peyi Karayib yo, kit se peyi 
          Ameriklatin yo, tout kontinan Lafrik lan, menm kek peyi sou kontinan 
          Lewop, yo tout te rive rekonet lejitimite demach sila a.  
           
          Le nou konsidere jan biwo avoka te gen tan ap travay sou dosye sa a, 
          jan pati ki konsene yo te koumanse analize dokiman yo, nou ta dwe espantan 
          pou nou tande mouche Gerard Latortue ki deklare kareman dosye restitisyon 
          an kaba. Ala yon deklarasyon degrenndwat!  
           
Onivo politik, mouche Latortue pa gen konpetans pou li pran yon desisyon 
konsa. èske li bliye, se yon prezidan ki te monte opouvwa nan eleksyon demokratik, 
kidonk reprezantan lejitim pèp Ayisyen an, pwotektè dwa granmoun nasyon an, 
ki te pran desizyon sa a? 
  
Onivo entenasyonal, se leta yo ki enplike nan yon dosye konsa. Kidonk, pa gen 
mwayen pou yon premyeminis ta rive defet desizyon yon Chefdeta. Epi ki 
premyeminis ato?! 
  
Konstitisyon 1987 lan kle. Nan atik 138 lan, li deklare "youn nan wol 
prezidan Repiblik la se fe yon jan pou pep Ayisyen toujou met lakay li, e pou li pa 
janm pedi pi piti moso nan te peyi d Ayiti". Ala tristes pou yon nonm ki di se 
Ayisyen li ye kapab adopte yon atitid manfouben konsa douvan yon dosye 
nasyonal total kapital tankou koz restitisyon an. 
  
Mouche Gerard fe atansyon tande, toti a gen kat pat, men li pa ka mache nan 4 
chimen alafwa. Epi tou, detanzantan, ou ta dwe depase limit karapas lan, mete 
tet ou deyo pou ou ka we kle. 
  
Frantz Fanon te ekri "Peau noire, masques blancs". Men, le yon moun gade 
byen, fok li ta remake nan biwo primati peyi d Ayiti, toti an makwali kit se nan 
po l, kit se nan karapas yo mete sou do li pou li trennen an. 
           
          Haitian Lawyers Leadership Network 
          May 12, 2004 
          For more information:  
          Contact Our Campaign 7 Leadership Network Coordinator 
          Mr. Jean St. Vil (Jafrikayiti) 
          E-mail: Jafrikayiti@hotmail.com 
          cc: Erzilidanto@aol.com 
           
          *****   | 
       |