 |
 |
 |
 |
Annette Auguste, known
as Sò Anne (Sister Anne) to her millions of fans both in
Haiti and the U.S., is led to her arraignment May 13 while demonstrators
protest nearby demanding her release. Sò Anne, who returned
to Haiti in 1994 when President Aristide returned to office after
the first coup against him, had lived for over 20 years in New York
City. There she organized huge rallies urging Aristide's return,
once drawing an audience of 25,000 to a rally in Central Park.
Photo: (c)2004 Haiti Information Project |
|
 |
DEKLARASYON PIBLIK ANNETTE AUGUSTE
-
May 23, 2004
Penitansye Petyonvil, Ayiti, 23 me 2004
Jodi a m ap pale ak lemonn antye kòm yon moun ki nan prizon an Ayiti pou
konsyans mwen, pou lide m ak konviksyon politik mwen.
Militè ameriken te arete mwen nan dat 10 me 2004 nan Komin Delma.Vè minwi
edmi militè sa yo te atake kay mwen ak vyolans.Yo te sèvi ak eksplozif
epi gwo zam lagè pou panike tout moun nan kay la, san bliye timoun yo
; ti katkat ki t ap domi ak kè poze.Pou antre nan lakou a yo te kraze
baryè a avèk yon eksplozif.Yo touye de (2) chen ki te nan lakou a ; sèl
pwoteksyon kay la te genyen.
Mwen pap janm bliye chok mesye sa yo te fè nan lespri timoun yo ki nan
fanmi an.Twa (3) moun nan kay la kip a te jwenn arestasyon akòz yo te
lage ko yo anba nan yon balkon le yo tande bri gwo zam nan lakou a.Yo
te tonbe sou do yon kay nan vwazinay la ; tol la te fann epi yo tonbe
andedan kay vwazen an. Youn ladan yo, yon tifi trèz ane te blese grav
nan janm; li te al koud nan sal ijans lopital. Okenn nan nou pap janm
ka bliye move trètman nou te sibi pandan operasy on militè sa a.Yon operasyon
ki te fèt nan non administrasyon Bush la ak nan non ideyoloji l ap klaksonnen
ki se : "konstwi demokrasi nan peyi a".
Verite a se kay mwen militè ameriken anvayi, yo mete mwen nan prizon epi
kle liberasyn-m nan men yo.Yo pretann kache deyè do system jistis ayisyen
an pou kouvri zak yo fè a.Se militè ameriken ki te anvayi kay mwen ak
lafòs; san yon manda lajistis. Yo minote mwen pandan polisye ayisyen yo
te rete chita kepòpòz nan machin ap tann deyò a.
Militè sa yo di, rezon ki lakòz yo fè zak krazebrize sa yo sou kay mwen
ak sou fanmi an se paske yo aprann mwen t ap prepare pou vin atake yo
epi mwen te menase sekirite ak estabilite peyi mwen.
Kijan yo ka jistifye sa yo di la-a; lè yo konnen trebyen kiyès ki premye
reskonsab sa yo di sou mwen yo ? Estabilite Ayiti menase akoz gouvènman
Lafrans mete ak gouvènman meriken pou pran Prezidan konstitisyonel nou
an pafòs 29 fevriye 2004.Kijan yo kapab kache move santiman yo genyen
lè yo konnen se yomenm sèlman ki te reskonsab bay ansyen manm Fòs Ame
Ayiti yo ansanm ak ansyen manm eskadwon lanmò yo fomasyon ak ankadreman
pou anvayi teritwa nasyonal la pou rive kapote gouvènman konstitisyonel
Repiblik la pafòs.
Se apre gouvènman Etazini fin vire lòlòj maryonèt yo Latortue, nouvo Premye
Minis defakto a, ansanm ak sistèm jidisye ayisyen an pou kapab akize mwen
malonètman kòm moun ki te oganize atak kont swadizan etidyan nan opozisyon
jounen 5 desanm 2003 pandan te gen manifestasyon kont Prezidan Aristid
ak gouvènman lavalas la. Mwen pa te janm gen men mwen tranpe ni depre,
ni delwen nan evenman yo ki te pase jou sa a. Se nan radyo mwen tande
repotaj sou evenman sa yo. Mwen pa gen dout nan lespri mwen ; akizasyon
sa yo se yon mizansèn nan yon pyès teyat malouk ; yon pyès teyat lawont.
Li klè, se administrasyon Bush la ansanm ak fòs militè ki nan Ayiti yo
ki te arete mwen e ki gen kle pou lage mwen jiskaprezan. Se yo menm sèlman
ki kapab bay lòd pou lage mwen. Menm si li ta posib pou grese pat yon
ofisyèl ayisyen kowonpi, oubyen pou ta peye yon amann lajistis ayisyen
ta enpoze pou lage mwen ; fòk se ta nan pi wo nivo politik administrasyon
Bush la pou desizyon sa a ta apwouve.
Depi mwen te fèmen nan prizon, kanpay represyon kont militan nan baz Fanmi
Lavalas yo pa sispann ; okontre li vale teren. Nouvo fòs polis militarize
a ki sou kontwol Fòs Miltinasyonal Enterime a ki anreyalite anba direksyon
Merin Etazini ; fòs sa yo pa janm sispann fè zak sasinay sou : - militan
nan mouvman lavalas yo,
Pandan mwen kote mwen ye nan prizon pafòs la mwen konstate kijan kanpay
represyon sa a, kanpay entimidasyon ak sasinay sa a jwe nan sèvèl anpil nan manm
pati a. Mwen konprann laperèz yo genyen paske mwen se youn nan viktim kanpay sa
a ki vize pou detwi espwa nou ak aspirasyon nou genyen pou konstwi yon Ayiti
kote moun ki pi pov yo pap sèvi mach eskalye pou moun k ap reve vin fè fotin
pèsonèl yo.
Pou moun ki kontinye konsidere tèt yo kòm reprezantan lavalas, majorite moun
pòv yo nan Ayiti ;mwen ta renmen fè yo sonje leson premye okipasyon meriken te
fè sou teritwa nasyonal nou. Mwen ta renmen rafrechi memwa yo pou fè yo sonje
Charlemagne Peralte ki te pase anpil mati. Chalmay te fin tabli yon akò lapè
avèk ameriken, apre sa li demobilize twoup rezistans yo ki t ap goumen kont
okipasyon. Blan yo te trayi pawòl misye ; yo te kidnape li epi asasinen l.
Jounen jodi se menm sò sa a k ap menase plizye manm lavalas ki kwe ak tout
senserite nan souverente ak jistis.
Nan prizon kote mwen ye a, mwen pran fòs ak kouray nan pil ak paket vwa k ap
leve toupatou sou latè kont enjistis k ap fèt jounen jodi sou pèp ayisyen.
Kont abi ak soufrans y ap fè pèp sa a sibi.Mwen gen rekonesans pou Reprezantan
Kongrè ameriken an Madam Maxine Waters ansanm ak tout lòt moun ki kanpe pou fè
solidarite ak pèp ayisyen an pou fè san sispann koule ; pou pèmèt lemonn antye
konnen laverite ak vrè reyalite n ap viv jounen jodi-a.
Mwen voye tout lanmou mwen ak tout rekonesans mwen bannou epi mwen fè nou
konpliman poutèt nou rete djanm nan volonte nou genyen pou triye laverite nan
mitan manti ki vlope Ayiti jounen jodi. Kòm yon fanm lib, fanm k ap lite pou fè
respekte dwa pifo pòv nan peyi nou ; mwen voye lapriyè mwen bannou.
Yo kapab kontinye kenbe kò mwen nan prison, men yo pap janm kapab anchennen
laverite ki lan nanm mwen. M ap kontinye lite pou lajistis ak laverite nan
Ayiti jouk souf mwen koupe.
Annette Auguste
Pénitentier de Pétionville
Haiti
*******
Dear Friends,
Sò Anne is a prisoner of conscience in Haiti arrested for her political
beliefs. Please distribute this generously and for more information
on how to help with the campaign to free this brave and dear soul please
see: http://haitiaction.net/News/hac5_11_4.html
For further background please see:
http://haitiaction.net/News/HIP/5_12_4.html
http://haitiaction.net/News/HIP/5_24_4.html
|
|